Articles

Affichage des articles du août, 2017

Mwa dawout: yon gwo senbòl, yon repè pou pèp ayisyen

Image
Gen anpil repè, dat, evènman enpòtan ki make listwa, lavi, lakilti anpil pèp sou latè. Repè sa yo se de veritab senbòl ki, avèk tout sa yo charye avek yo kòm evènman, vin trè enpòtan pou pèmèt pèp yo reyisi vive sonje, sonje kote yo soti ak ki kalte jefò zansèt yo, bizawèl yo te fè pou rive fè yo egziste lajounen jodi. Nan listwa peyi d'Ayiti, menm jan ak listwa divès lòt nanchon sou planèt la, gen anpil repè, pwen enpòtan ki non sèlman pèmèt nou frape lestomak annou men tou ki dwe fè nou sonje; raple kòmsi sete yè ki kalte swe, vmbav ak san ki te koule, kavav ki kò ki disparèt pou nou te ka gen ti bout tè sa ki te dwe rele nou chè mèt chè metrès. Poutan, loksidan menm loske nou fin chase li apre plis pase twa syèk lesklavaj, toujou kenbe nou anchennen sitou nan lespri nou, fè nou krache sou divès senbòl ki anjandre n', pa bayo valè jiskaske nou menm rive bliye yo oudimwens sonje yo sèlman lè dal la rive gras ak kèk moun ki gen san Desalin nan venn yo ki derefize bliye. T

Rap kreyòl oubyen rap ayisyen?

Image
Anpil moun gen gwo difikilte pou sitiye yo pa rapò ak deba sou jan mizikal sa a ki rele RAP la. Kesyon plizyè melomàn tankou espesyalis nan domèn mizik ap poze se: An Ayiti eske gen yon RAP KREYÒL oubyen yon RAP AYISYEN? Nou gen dwa mande tèt nou tou si fè rap la nan lang kreyòl ayisyen an sifi pou pale de yon fenomèn RAP KREYÒL? Eske tou sila yo ki pale de yon RAP AYISYEN pou menm rezon an osnon pou senp rezon teks yo pale de reyalite peyi a epi yo asosye kek ritm rasin ayisyen nan "bit" la pa ba yo rezon tou? Se yon egzèsis difisil nou pral tante wè si na va rive jwenn bout li oubyen jwenn yon ti limyè. Senpman, pou nou koumanse, annou chache defini epi retrase fil orijin RAP la. Yon orijin afro ameriken Espesyalis ki ap reflechi sou mouvman HIp-Hop la an jeneral nan peyi Lèzetazini fè konnen RAP la te kreye nan fen lane 1970 yo avèk premye sòti tib "Rapper's Delight" ki pote siyati gwoup Sugarhill Gang. Sepandan, gen anpil lòt moun ki pa dakò

Quand un maire menace de mort un journaliste

Ce blog n'est autre qu'une plateforme qui a pour mission de faire la promotion de la culture haïtienne à travers la littérature, l'histoire, les us et les moeurs du peuple haïtien. Cependant, moi, Coteaux Stevenson Junior, journaliste de mon état, ne peux pas regarder d'un oeil passif ces propos dangereux du maire des Cayes, Jean Gabriel Fortuné, à l'encontre du journaliste reporter de Radio Caraïbes Jean Nazaire Jeanty. Quand on sait que ce pays qui est le notre a une lourde, tres lourde réputation en matière d'assassinats de journalistes (Jean Do, Brignol Lindor, Jacques Roche...), sans parler de ceux partis en exil ou maltraiter au Fort Dimanche, après une telle déclaration, on ne peut que grincer les dents et trembler de peur. "... Sèvis sekrè nan nenpòt ki peyi serye t'ap efase w... ou t'ap mouri" dixit Jean Gabriel Fortuné actuel maire des Cayes, Sud Haïti. Parole menaçante à l'endroit du journaliste Jean Nazaire Jeanty. Quel cu

Rense je nou

Image
  Moulen prens/Jakmèl   Plaj Kasika/Marigo Plaj kabik/Kay Jakmèl Kabik/ kay Jakmèl  kredi foto: CSJ  Kredi foto: CSJ

Ou se dayiva zoupendoup mwen

Image
Ou se dayiva zoupendoup mwen Limenna kole ak krache m' Ou se Ezili freda mwen Lwa lè l' monte chwal li Ki chèche wout kè Trase chimen l Toupatou kote ki gen kò Ki konn... ki konn kisa gason bezwen Ou se dayiva zoupendoup mwen Limenna kole ak kracje m' Ou dechèpiye lajan m' Kale tèt mwen Ban m' zoklo kou grenn lapli Men... ou ban m' fouk ban m' janm Fè m' santi m' gason Fè m santi m'... gason Ou se dayiva zoupendoup mwen Limenna tou limen Sa w ye pa kadre ak sa m'ye Men sa pa anpeche n' kontre Sa pa anpeche n' fè yon sèl Lè kò w fonn nan kò w' Lè m' pran chimen jaden d'Edenn ou Al keyi fwi defandi w' Pa ban m manje Ban m' lanmou Pa ban m' manje Ban m' lanmou Pa ban m' manje Men louvri pye w Fè m' konn chimen setyèm syèl Ban m' zoklo jouk tèt mwen fè m'mal Kout manchèt nan dlo pa gen mak Fè pye lejè w jan w' vle Ou se papiyon Senpman pa bliye wout k

Aswè a

Aswè a, map pase sou fyèl ou Aswè a, se mwen se ou Se byen jwenn byen kontre Aswè a pa gen wout pa bwa Bwa mare tout bon M'pral pase sou zantray ou. Aswè a rara lage M'lage nan dengwenn ou Se pa jodi a wap banm fil; M'resi fè piyay... Se pa ayè wap di m'pap sis Sak pa di w depi ki lè M'lage pè las nan dèyè w Wap fè m'filalang Bay payèt san rete... Lòt la te di w ret trankil se remèd kò Kokobe pa danse mera Ou pate kwè. M'ap pase sou fyèl Aswè a se mwen se ou Kat je kontre manti kaba M'pap kite w fè piyanp Map deplimen w plim pa plim Aswè a pa gen wout pa bwa Bwa mare tout bon M'pral pase sou zantray ou.                                   Kè, plim.

Les marigotiens se font ridiculiser.

Image
Savez-vous que pour la Saint Dominique, fête patronale de la commune de Marigot, une soirée dansante coûte entre 500 ($8us) et 1000 HTG ($16 us) soit une moyenne de 750 HTG ($12 us) pour s'offrir un peu de plaisir? Quel plaisir? A ce prix, est ce le marigotien moyen qui vit avec moins de $2 us par jour qui va pouvoir s'offrir ce luxe? Non, certainement pas. A la vérité, la population se fait ridiculiser. Loin de nous l'idée de traiter sur un angle économique ce sujet, bien qu'il saverrait opportun de le faire. L'idée ici est de voir en terme de manifestations culturelles, pour la patronale de sa ville qu'est-ce qui s'offre au marigotien de souche dénué de tout pouvoir d'achat, qui n'arrive que très difficilement à s'offrir le minimun vital. Mais encore il faut se demander ce qui s'offre au visiteur qui sans doute à l'habitude de voir les "prouesses" de Sweet Miky, les diatribes de Shabba et j'en passe... Alors que la

Au sommum de l'extase

Au sommum de l'extase Par-delà les entrechoquements de mon pubis d'avec le tien, Au sommum de l'extase Mon corps est sorti de son tabernacle de chaire Pour embrasser malgré lui Cette somesthésie vulgaire Vulgaire au point qu'elle pullule de secrets d'alcove, Pue la senteur de tes nuits sensuelles, Ta réalité sauvage Faite d'abseinte et de "jouk li jou" Qui pismarguent dans ton antre Et me donne le vertige Par trois fois j'ai joui Oui! Je jouis en pleine commissération Pour ta peau d'ébène Marche-pied des Yankees Pure purgatoire pour les visées branlantes, Depuis leur éjection, par les nantis du nord, les touts puissants, Pour le bien être, Comme ils le clament, des plouques du Sud. Par-delà les entrechoquement de mon pubis d'avec le tien Au sommum de l'extase Je crie ta perversion A mesure que j'écris l'autre version de ton histoire ... Celle où tu te donnes pour rien, Celle où tu te donnes par amour

N'ap pati

Nou pa krabè lavi Non plis tou n' pa krabè lanmò Nou pòtre kadav ki blayi nan galèt Pòtre moun inondasyon bare nan dòmi Moun goudou goudou kenbe nan chap chawe Tèlman lavi di deboudare n' Lamizè deboure n' Monte n' Demonte n' Rache n' pak an pak Depate n' pat pa pat Bwè n' ti tak pa ti tak. Pou sa nou rantre byen fon nan konniflèt lavi Tout longè Ti kle monte Ti kle desann Vlennbendeng Asennpopis... Nou fout bay peyi a do Nou pati Nou pati kou jiferan san baton Lougawou nan savann zonbi Tèt san kò San kilòt Chen san mèt douvan katedral... N'ap pati Pakèt nou mare sou do n' Ti bosi boul nan do Kazi modo Nou pati Bay lanmò panzou Bay mòg kout ba Fè bèt nan bwa lekwatè Ranje kouvè Nou pati Pou n' kenbe nan manch Grangou k'ap fè n' lasisin Lapli lave latè Latè lave vant kretyen vivan Lamizè desann drapo lògèy nou N'ap pati Ale Brezil ale Chili Pa bann Pa makonn Pil sou pil Ala fil k'

Lè m gad anba wòb ou

Lè m gad anba wòb ou Lè m gad anba wòb ou M'wè nwa Lè m gad anba wòb ou M'wè blan Lò m gad anba wòb ou cheri Mwen wè tout koulè Mwen wè ti limyè, ti limyè.... Ti limyè k'ap fè miyan miyan Tankou posesyon koukouy K'ap fè lakilbit nan fènwa. Lè m gad anba wòb ou cheri Kabrèt mwen pèdi fren, M lanvè m' landrèt M' kanpe drèt doubout Tankou on panding pandang Lè m gad anba wòb ou Kleren m' melanje M gaga tankou azoubwèt pedevi bègwè Yon moun fou k' resi jwenn lafèy Lè m gad anba wòb ou cheri M' pèdi tèt mwen M' pè di tèt mwen Kote m' ye la Sa m'ap fè la... Lè m gad anba wòb ou cheri M'pa wè anyen M' pa wè anyen...                                                     Kè, plim.