N'ap pati

Nou pa krabè lavi
Non plis tou n' pa krabè lanmò
Nou pòtre kadav ki blayi nan galèt
Pòtre moun inondasyon bare nan dòmi
Moun goudou goudou kenbe nan chap chawe
Tèlman lavi di deboudare n'
Lamizè deboure n'
Monte n'
Demonte n'
Rache n' pak an pak
Depate n' pat pa pat
Bwè n' ti tak pa ti tak.

Pou sa nou rantre byen fon nan konniflèt lavi
Tout longè
Ti kle monte
Ti kle desann
Vlennbendeng
Asennpopis...
Nou fout bay peyi a do

Nou pati
Nou pati kou jiferan san baton
Lougawou nan savann zonbi
Tèt san kò San kilòt
Chen san mèt douvan katedral...

N'ap pati
Pakèt nou mare sou do n'
Ti bosi boul nan do
Kazi modo
Nou pati
Bay lanmò panzou
Bay mòg kout ba
Fè bèt nan bwa lekwatè
Ranje kouvè

Nou pati
Pou n' kenbe nan manch
Grangou k'ap fè n' lasisin
Lapli lave latè
Latè lave vant kretyen vivan

Lamizè desann drapo lògèy nou
N'ap pati
Ale Brezil ale Chili
Pa bann
Pa makonn
Pil sou pil
Ala fil k'on ling foumi...

N'ap pati
Pòtre bann rara "Hypolitize"
Dèyè kandida mal pou wont
Nan kanpay elektoral
N' aprale
De pye douvan kou kadav nan kòbya
Kòbya k' lage tout boulin
Nan yon vouvari pousyè ak sirèn

N'ap pati
Pati lwen byen lwen
N'ap janbe dlo
Dlo nan je
N'ap janbe fwontyè
N'ap pran lyann

Nou defigire
Nou depafini
Potre foto nwa eblan
Ki pran souflèt nan men tan k'ap pase
Pòtre batistè mit ak ravèt li
Pòtre lanp tèt gridap
Mèch sèch
K'ap rele tanpri souple tenyen m
Tanpri souple tenyen m'
Tenyen m' tanpri...
Tenyen m'....

                             Kè, Plim.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Aswè a

Blad la pete

Au sommum de l'extase