Rap kreyòl oubyen rap ayisyen?



Anpil moun gen gwo difikilte pou sitiye yo pa rapò ak deba sou jan mizikal sa a ki rele RAP la.

Kesyon plizyè melomàn tankou espesyalis nan domèn mizik ap poze se:
An Ayiti eske gen yon RAP KREYÒL oubyen yon RAP AYISYEN?

Nou gen dwa mande tèt nou tou si fè rap la nan lang kreyòl ayisyen an sifi pou pale de yon fenomèn RAP KREYÒL? Eske tou sila yo ki pale de yon RAP AYISYEN pou menm rezon an osnon pou senp rezon teks yo pale de reyalite peyi a epi yo asosye kek ritm rasin ayisyen nan "bit" la pa ba yo rezon tou?

Se yon egzèsis difisil nou pral tante wè si na va rive jwenn bout li oubyen jwenn yon ti limyè.

Senpman, pou nou koumanse, annou chache defini epi retrase fil orijin RAP la.

Yon orijin afro ameriken

Espesyalis ki ap reflechi sou mouvman HIp-Hop la an jeneral nan peyi Lèzetazini fè konnen RAP la te kreye nan fen lane 1970 yo avèk premye sòti tib "Rapper's Delight" ki pote siyati gwoup Sugarhill Gang.

Sepandan, gen anpil lòt moun ki pa dakò. Lòt kategori sa ta vle pouse orijin RAP la pi lwen toujou... Yo fè kwè yo menm ke RAP la te egziste byen lontan avan sa avèk gwoup gospel THE GOLDEN GATE QUARTET, ki fonde nan fen lane 1930 yo. Mizik kategori sila pran kòm premye tèks RAP  se: "Preacher and the Bear" ki te anrejistre nan lane 1937. Yon mizik ki rakonte istwa yon pastè ki ale chase epi ki tonbe sou yon ours.

Si n'ap reprann pawòl editoryalis Caroline Cardona, n'ap di ke mizik Preacher and The Bear la te yon entèpretasyon inedit (sa ki vle di yon nouvote pou epòk la) ki raple fraze senkope RAP la (fason rapè yo lage "flow" a).

Tout sa pou nou di pyès moun pa vle antann yo sou orojin RAP la. Men, sa ki se yon sètitid se ke rap la bèlebyen egziste epi se kèk lejand tankou 2PAC ak BIGGY ki te make "l'âge d'or du rap" pou nou repete franse a. Toutfwa nou paka pase sou silans nouvo rapè yo tankou Snoop Dogg, Jah Rule, 50cent, Eminem (ki te pandan lontan ra moun po blanch ki tap fè rap USA), pou nou site moun sa yo sèlman.

.
pou kisa li te enpòtan pou te gen rap la?

A l'orijin, rapè yo te bay 3 lèt sa yo ki ranje nan lod sa a R A P yon premye sans ki sete an angle "Rage Against the Police" raj kont lapolis si nou ka tradui li konsa an kreyòl. Definisyon sa te tipik de reyalite epòk la nan peyi USA ki te frèchman sòti nan lesklavaj. Kote nwa yo pat moun. Peyi Tonton Sam te gen yon fenomèn rasism ki te ap fè raj. Nwa yo (negro) t'ap sibi diskriminasyon anpil sa ki te fè yo te vin devlope yon rayisman kont fòs lòd yo ki pat pè touye nwa yo pou dan ri, kidonk, lapolis se te prensipal vektè diskriminasyon an. Pou sa, yo te oblije ( nwa yo) devlope divès fòm revandikasyon pami yo "Spoken Word" la ak mouvman Hip-hop la ke RAP la se yon eleman ki sòti ladan ki limenm tradui pa sèlman an mizik men avèk tout kalte zam, sinon dyalektik zam nan tout repiyans nwa yo te genyen pou sistèm etabli a ki pat gade yo pou moun. Donk premye sans mouvman rap la se te rage against the police.

Palasuit, avèk evolisyon ki vin genyen, akalmi nan sitiyasyon sosyal la, spoken word la, rap la vin gen yon lòt tradiksyon pou sig RAP la ki vin Rythme And Poesy (ritm ak pwezi). Sa ki vle san dout di rap la vin kite objektif inisyal li pou vin tounen pwezi ki chita sou yon ritm (bit). Epi, tout moun konnen, ki di pwezi, di byen di, bèl pale, figi estil, jwèt mo, elatriye.

Kit li rap kreyol osnon rap ayisyen eske definisyon sa mache ak yo?

Orijin RAP an Ayiti

Anpil moun panse ke se George Lys Herard alyas Master Dji ki te fèt 30 me 1961 epi ki mouri 21 me 1994 ki premye rapè ayisyen ou dimwens papa rap kreyòl ou rap ayisyen an. Premye mizik rap " kreyòl" Master Dji te pote tit "Vakans", li te sòti an 1982 epi kèk lane apre, swat nan fen lane 80 yo Dj gwoup "Haïti RAP'N RAGGA" (master Dji) ta pral sòti premye albòm li "Master Dji" ke anpil moun konsidere kòm youn nan meyè albòm Hip-hop kreyòl " de tous les temps".

Tout sa pa sa. Gen anpil moun ki kwè ke Gesner Henry "koupe klouwe" se youn nan premye rapè yo tou, sinon premye rapè a avèk fason li chante (flow sou mizik li yo) tankou "m'ap di", "mian mian" ki se kèk pami mizik "Ansanm Selèk Wa Koupe Klouwe" yo. Sa ki pi etonan an gen anpil moun ki parèt kòm konesè nan domèn nan ki mete Maurice Sixto pami rapè yo tou. Antouka ...

Toutfwa, apre jenerasyon Master Dji a nou ka wè te vin gen anpil jèn ki te rapousuiv, menm lè yo te espesifye de preferans y'ap fè ragamòfin; sou track sa n'ap n'ap site kèk gwoup tankou Master's, Original Rap Taff, flex, King Posse, Bad Boys Stylo, gwoup ti medam 4x4 yo pou nou site sa yo sèlman avan nou vin tonbe nan lane 2000 yo ki te komanse ak monte an puisans gwoup Barikad Crew, Rock Fam ak tout lòt Clang tankou pik up click, nan BPC... Lis la long.

De gwo gwoup sa yo ki toujou nan polemik, Barikad Crew ak Rock Fam, se yo menm ki chita yon swadizan filozofi RAP kreyòl ki vin fè plizyè jenn gason ak jenn fanm kopye sou yo pou vin bay plizyè milye ti gwoup rap ki tabli yo toupatou nan tout "Ghetto", nan tout ti kwen koridò, menm andeyò nan peyi d'Ayiti. Avèk yo, trè souvan moun pale de rap komèsyal, yon konsèp ki pa vrèman defini, ki prèske san sans... Se pretèks anpil ti gwoup ki di yap fè rap kreyòl pran pou tabli distengo ant vrè rap la ak woy woy yo.

Depi jenn ti mesyedam yo jwenn yon bit, ak de twa bout fraz yo fè rap ou dimwens yo di se rap kreyòl kap fèt. Trè souvan flow sa yo san konsistans, san sans, konn gen ritm men pa gen pwezi. Se kèk gwoup trè ra nan yo ki konnen filozofi rap ak hop-hop an jeneral paske pi fò jenn ti swa dizan rapè sa yo pa fòme ou prèske pa fòme. Sèlman ti minorite zwit kap fè jefò a telman minim... sou trak sa tou annou salye K-libre yon disidan gwoup Mystik 703, yon gwoup fenomènal ki pat twò popilè nan nivo Barikad ak Rock Fam paske pèp la te di nèg sa yo pa komèsyal aloske se anba kout plim yo pwezi a te vrèman chita nan dènye jenerasyon an dat rap la an Ayiti pou moman an.

Tout sa se poun kwè ke ti pèp la kwè nan fasilite, nan woy woy ke yo di ki se rap kreyòl.

Eske gen yon RAP KREYÒL oubyen yon RAP AYISYEN?

Stevens Gethro Mathieu se animatè vedèt emisyon Rappologie sou antèn Radyo Banbou nan Kay Jakmèl ki reve limenm fè yon distengo ant Rap kreyòl ak rap Ayisyen. Dayè, emisyon li an ki an jeneral ap fè apoloji RAP fransè a, pa vrèman gen plas pou sa ki pote non rap kreyòl la, dayè youn nan slogan emisyon sa a se :"rappologie est une emission qui n'encourage pas la médiocrité". Se yon chwa. Swat. Pou Gethro Mathieu ki kwè nan tèks lou (c'est du lourd pour le paraphraser), tèks ki gen pwezi, byen fisle, ki byen depoze sou yon bit, si gen yon rap kreyòl, li fè kwè li pa konnen l men li kwè de preferans gen yon rap ayisyen ki jwe tankou k-libre, Mystik 703, so cute*, king posse, etc.

Fòk nou fè remake Gethro Mathieu pa sèl moun ki gen konsepsyon sa a. Gen kèk lòt moun ki kwè ke gen yon rap d'ekspresyon ayisyèn a de vitès. Dayè moun sa yo pa konsidere rap kòm patrimwàn peyi d'Ayiti. Sèlman lè ou kesyone yo sou ki kalte mizik yon moun tankou BIC, ap fè yo di w se varyete. Kisa ki varyete a? Pyès moun pa konnen.

Antouka... li difisil sinon mwen pa sispann chèche pou wè si gen yon fwontyè ant RAP KREYÒL ak RAP AYISYEN oubyen si youn fonn nan lòt osnon si gen youn ou lòt ki egziste alaverite. Toutfwa, tankou Diwojèn ak BIC m'avèk yon balèn nan menm, m pap chache yon moun, men map chèche diferans si genyen ou pa poum rive mete yon kalifikatif dèyè RAP (KREYOL/AYISYEN) pou jenès ayisyèn nan.

                    Coteaux Stevenson Junior
                                   18 Août 2017, 16h 50







Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Aswè a

Blad la pete

Au sommum de l'extase