Aswè a

Aswè a, map pase sou fyèl ou
Aswè a, se mwen se ou
Se byen jwenn byen kontre

Aswè a pa gen wout pa bwa
Bwa mare tout bon
M'pral pase sou zantray ou.

Aswè a rara lage
M'lage nan dengwenn ou
Se pa jodi a wap banm fil;
M'resi fè piyay...

Se pa ayè wap di m'pap sis
Sak pa di w depi ki lè
M'lage pè las nan dèyè w

Wap fè m'filalang
Bay payèt san rete...
Lòt la te di w ret trankil se remèd kò
Kokobe pa danse mera
Ou pate kwè.

M'ap pase sou fyèl
Aswè a se mwen se ou
Kat je kontre manti kaba
M'pap kite w fè piyanp
Map deplimen w plim pa plim

Aswè a pa gen wout pa bwa
Bwa mare tout bon
M'pral pase sou zantray ou.

                                  Kè, plim.




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Rap kreyòl oubyen rap ayisyen?

Top des personnalités qui ont marqué 2019 ici aux Cayes-Jacmel