Ou se dayiva zoupendoup mwen

Ou se dayiva zoupendoup mwen
Limenna kole ak krache m'
Ou se Ezili freda mwen
Lwa lè l' monte chwal li
Ki chèche wout kè
Trase chimen l
Toupatou kote ki gen kò
Ki konn... ki konn kisa gason bezwen

Ou se dayiva zoupendoup mwen
Limenna kole ak kracje m'
Ou dechèpiye lajan m'
Kale tèt mwen
Ban m' zoklo kou grenn lapli
Men... ou ban m' fouk ban m' janm
Fè m' santi m' gason
Fè m santi m'... gason

Ou se dayiva zoupendoup mwen
Limenna tou limen
Sa w ye pa kadre ak sa m'ye
Men sa pa anpeche n' kontre
Sa pa anpeche n' fè yon sèl
Lè kò w fonn nan kò w'
Lè m' pran chimen jaden d'Edenn ou
Al keyi fwi defandi w'

Pa ban m manje
Ban m' lanmou
Pa ban m' manje
Ban m' lanmou
Pa ban m' manje
Men louvri pye w
Fè m' konn chimen setyèm syèl

Ban m' zoklo jouk tèt mwen fè m'mal
Kout manchèt nan dlo pa gen mak
Fè pye lejè w jan w' vle
Ou se papiyon
Senpman pa bliye wout kè m'
Pa bliye w' se dayiva zoupendoup mwen
Limenna kole ak krache m'
Ti trezò kache m'

                       Kè, plim.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Aswè a

Blad la pete

Au sommum de l'extase