Mwa dawout: yon gwo senbòl, yon repè pou pèp ayisyen



Gen anpil repè, dat, evènman enpòtan ki make listwa, lavi, lakilti anpil pèp sou latè. Repè sa yo se de veritab senbòl ki, avèk tout sa yo charye avek yo kòm evènman, vin trè enpòtan pou pèmèt pèp yo reyisi vive sonje, sonje kote yo soti ak ki kalte jefò zansèt yo, bizawèl yo te fè pou rive fè yo egziste lajounen jodi.

Nan listwa peyi d'Ayiti, menm jan ak listwa divès lòt nanchon sou planèt la, gen anpil repè, pwen enpòtan ki non sèlman pèmèt nou frape lestomak annou men tou ki dwe fè nou sonje; raple kòmsi sete yè ki kalte swe, vmbav ak san ki te koule, kavav ki kò ki disparèt pou nou te ka gen ti bout tè sa ki te dwe rele nou chè mèt chè metrès. Poutan, loksidan menm loske nou fin chase li apre plis pase twa syèk lesklavaj, toujou kenbe nou anchennen sitou nan lespri nou, fè nou krache sou divès senbòl ki anjandre n', pa bayo valè jiskaske nou menm rive bliye yo oudimwens sonje yo sèlman lè dal la rive gras ak kèk moun ki gen san Desalin nan venn yo ki derefize bliye.

Tout rale mennen vini sa a pou nou di kisa?

Mwa dawout la, avèk divès kalte evènman istorik ak kiltirèl ki asosye ak li nan listwa Ayiti Toma ta dwe yon pwen repè enpòtan pou pèp ayisyen.
Gen 2 gwo tonton evènman, youn makonnen ak lòt, ki te rive nan mwa sila a nan peyi sa a nan peryòd kolonizasyon fransèz nan lane 1791:

1- Dabò, nou gen lannuit 13 pou bout 14 dawout 1791 la ke sèten istoryen prezante kòm yon kongrè, kèk lòt kòm yon gwo seremoni vodou nan Bwa Kay Iman (Bwa Kayiman) kote Boukmann Diti, selon sa listwa rakonte, te pran lapawòl pou konsyantize ak prepare lespri ak nanm nèg ak nègès ki te pran lyann paske yo pat ka detache yo de libète yo, pou montre yo kouman Bondye blan yo pat vle wè yo, pa janm sispann bwè san yo, se yon Bondye kriminèl... fè yo konnen tou Bondye pa yo nan Lafrik ginen kriye vanjans, mande yo pou revolte. Nou ka raple nou kalte "priyè" boukmann te fè nan seremoni sila a ki se yon makònay bouyon kiltirèl ki makonnen ak yon sewòm anjandre tèt pou revolte...

Apre sa tout moun konnen rès senaryo a: san kochon an ki koule nan gagann sila yo ki te prezan nan gwo reyinyon sakre sa ki ta pral bay modòd revòlt ki te fèt yon ti moman annapre.

2- Ansuit nou gen kòm dezyèm gwo evènman soulèvman total kapital ki te fèt nan lannuit 22 pou bout 23 dawout 1791 lan. Anpil kote nan koloni sendomeng te tounen yon gwo fwaye dife kote esklav yo te deside mete boule prensipal objè sèvitid yo : plantasyon kann, kafe, endigo, ... sakaje ak boule kay kolon blan yo, ... yon veritab koupe tèt boule kay.

Petèt mank preparasyon ak vizyon te pèmèt kolon franse yo te rive mete men nan pat kasav Boukmann, prensipal menè twoup yo nan moman an; yo koupe tèt li epi pwomennen li kòm twofe pou entimide rès esklav yo. Tout moun konnen sa pat sifi, sinon sa pat itil anyen pliske plizyè lòt lidè te vin parèt tankou Tousen Louvèti, Jan Jak Desalin elatriye ki te vin bay 18 novanm 1803 ak premye janvye 1804.

Li klè se pat okenn relijyon ki te favorize mouvman sa yo reyalize. Se pa ni alelouya, aba satan ki te di... Sete yon volonte pou retounen nan sous yo nèg Lafrik yo te genyen ki te pèmèt yo jwenn fòs pou te rive jwenn lendepandans peyi d'Ayiti.

Gen yon mizik relijye ki kritike zafè san kochon Bwa Kayiman an. Gen yon fraz ladan ki mande pou ranplase san kochon an pa san Jezi. Nan risk pou mw blasfeme map raple mviwen ke kolonizasyon an te mache ak yon pi gwo zam ke bayonèt, rasis, goyotin... se la relijyon. Se nan non le relijyon Kristòf Kolon te pati nan swa dizan dekouvèt li yo. Premye aksyon kolon yo toujou poze se batize esklav yo. Prèt yo, si n'ap sonje, alepòk te toujou mande esklav yo pou soumèt ak mèt yo. Kòman yon nonm kapab deside vin mèt yon nonm menm jan avèk li? Kòman yon Bondye ki bon ka fè aksepte yon nonm mete yon nonm parey li nan esklavaj, gen pouvwa lavi ak lanmò  sou li?

Relijyon te toujou konstitiye kòm yon enstriman pou loksidan fè tout kalte zak malonèt ak babari sou moun ki pa gen menm kilti, koutim ak li.

San nou pap fè apoloji li ni mete li sou yon pyedestal, èske se vodou oubyen relijyon oksidantal yo ki anpeche devlopman peyi d'Ayiti?

Pran yon tan pèp ayisyen pou nou medite sou fenomèn relijyon sa a san pasyon pandan tout rès mwa dawout la.

Admin.
22 dawout 2017.




Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Aswè a

Blad la pete

Au sommum de l'extase