Lè m gad anba wòb ou

Lè m gad anba wòb ou

Lè m gad anba wòb ou
M'wè nwa
Lè m gad anba wòb ou
M'wè blan
Lò m gad anba wòb ou cheri
Mwen wè tout koulè
Mwen wè ti limyè, ti limyè....
Ti limyè k'ap fè miyan miyan
Tankou posesyon koukouy
K'ap fè lakilbit nan fènwa.

Lè m gad anba wòb ou cheri
Kabrèt mwen pèdi fren,
M lanvè m' landrèt
M' kanpe drèt doubout
Tankou on panding pandang
Lè m gad anba wòb ou
Kleren m' melanje
M gaga tankou azoubwèt pedevi bègwè
Yon moun fou k' resi jwenn lafèy

Lè m gad anba wòb ou cheri
M' pèdi tèt mwen
M' pè di tèt mwen
Kote m' ye la
Sa m'ap fè la...

Lè m gad anba wòb ou cheri
M'pa wè anyen
M' pa wè anyen...
         
                                          Kè, plim.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Rap kreyòl oubyen rap ayisyen?

Top des personnalités qui ont marqué 2019 ici aux Cayes-Jacmel