Jakmèl vs kay Jakmèl, pwa touristik ak kiltirèl de vil yo

Eske kay Jakmèl ap toupizi vre anba vil Jakmèl?

Refleksyon ki pral fèt la a epi ki a pral eseye reponn kesyon ki poze a san dout kapab depaman ak anpil lòt epi menm fè anpil moun estomake.

Antouka, nou pa gen pretansyon ak atik sa a pou bay pyès moun  leson ni louvri yon polemik ant moun Jakmèl ak moun Kay Jakmèl ki kondane pou viv ansanm, non selman paske yo tout se ayisyen, kabrit tomazo menm plim menm plimay, men paske pozisyon jeografik yo, pwoksimite yo gen gwo enpak sou youn ou lot nan de komin sa yo.

Kite m koumanse pa fè yon prezantasyon sou yon pwendvi kiltirel ak touristik 2 komin sa yo san rantre nan twòp detay istorik ki deja disponib paske gen anpil moun ki ekri oubyen reyalize dokimantè sou tou de kominote yo deja.

Jakmèl

Komin Jakmèl se vil ki pi enpòtan sa vle di chèf lye ( pou n repete tèm franse a) depatman sidès la ki gen ladan li 10 komin an tou. Se nan vil jakmèl tout gwo biwo leta yo ak pi fò sèvis ki disponib yo tabli yo. San nou pa bezwen rantre twò fon nan listwa li, nou ka di vil sa a deja gen plis ke 300 lane depi li te fonde. Yon bann gwo evènman istorik mare sosis yo ak Jakmèl san konte kèk gwo potorik gason tankou Alsibyad Pomerak, Alsiyis Chaman, Maglwa Anbwaz pou n site sa yo sèlman ki make pase vil la.

Yon lòt kote, nan zafè lakilti, Jakmèl te nonmbè wonn. Anpil gwo ekriven tankou Rene depès, Seymou Pradel, Oblen Jolikè, Jan Metelis gen kod lonbrit yo ki antere nan vil sa a.

Fòk nou di tou, estil batiman jennjèbrèd yo, kay prefabrike sou kontinan ewopeyen an se ak yo fondatè vil la yo te frape bou bay kalite achitekti sa a ki fè kè touris ki sòti tout kote konta. Anplis, jakmèl pa twò lontan la a jwenn yon lòt renonmen gras ak UNESCO kom vil kreyativ. Se gras ak kanaval li a kote mas madigra an papye mache yo se yon fenomèn, mete sou sa konpetans atizan jakmèl yo ak kreyativiye yo ki bay vil la yon renome san parey nan peyi a, nan karayib la oubyen nan mond la. Anpil lot vil nan peyi a jalouze Jakmèl pou sa. Yon epok, vil sa a sete vil ki te pi pwòp, kote lapè ak la trankilite te konn taye banda. Yon bagay ki te mennen moun vini jakmèl pa bann ak pa makonn.

Nou paka bliye ke se nan rad jakmèl la drapo Venezyela koud, prezidan Aleksann Petyon te resevwa simon Boliva nan vil la tou, elatriye. Se premye vil ki eleltrifye tou nan karayib la epi menm avan vil Nouyòk lakay Tonton Sam.

Tèlman gen detay poum ta bay, soufri pou zanmi m yo ke nou mete sa yo sèlman pandan nou pap pase sou silans basen ble, kongo plaj jakmèl ki denatire kounya ak koze lakou nouyok la avèk ansyen plas tousen louvèti a, ri di komès, manwa aleksandra, ti batri bò lekòl frè yo elatriye.

Kay Jakmèl
Listwa vil sa makonnen ak listwa Komin Jakmèl. Pou sila yo ki gade Dokimantè Patrik Deziral la " Cayes-Jacmel à l'aune de l'histoire" li di ke Jak de Melo se kote Kay Jakmel ye a li te vle konstwi yon gwo vil men te gen twòp resif ki pa twò zanmi bato alòs li te sètoblije al konstwi vil sa kote Jakmel ye a.

Se anviwon yon dizèn kilomèt ki separe 2 vil sa yo. Kay Jakmèl se kote ki gen pi bèl plaj nan rejyon an tankou remon lè ben, kabik, plaj Timouyaj... ki rale touris kou foumi fou ki tonbe nan sak sik. Si w vin nan premye me jakmèl ou pa vin sou yon plaj Kayjakmèl konnen w pat vin pran plezi.

Gen gwòt, chit dlo jedo a, yon letan nan seksyon kominal ravin nòmanm ki rele Letan Bosye ki pa esplwate menm, ansyen izin idroelektrik la nan gaya, yon zèv Alman yo, se gwo koze. San konte, pase istorik komin kay jakmèl ki se yon ti min lò nan zafè touristik.

Konparezon
Tout moun kapab wè aklè kisa antèm potansyalite touristik ak kiltirel Jakmèl ak Kay Jakmèl genyen nan dyakout yo.

Poutan, moun kay Jakmèl pa sispann plenyen pou di Jakmèl konplètman fèmen yo epi pran tout sa yo genyen kom materyo sitou touristik pou bati renonmen li.

Se yon polemik ki te fè yon gwo diskisyon byen chita ant 2 zanmi kap frape nan kominikasyon Esdra Celestin ak Coteaux Stevenson Junior, jounalis prezantatè emisyon Actu-culture sou Radyo Banbou. Nan yon aktivite nèg yo te ye ansanm nan depatman Sid peyi a, nan vil Okay yo te koumanse founi je gade pou analiaz dosye a menm si an bon rejyonalis Esdra Celestin te vle montre a klè jan Vil Jakmèl pran pou li kek bagay tankou plaj Remon lè ben, fo Oje ak preske tout plaj nan kay Jakmel pou prezante yo komkwa se ta pou yo. Diskisyon sa ta pral pousuiv nan radyo Banbou nan emisyon "Actu-Culture" samdi 15 jiyè 2017 la kote plizyè entèvenan tankou ansyen majistra kay jakmèl Feguito Janvier, jounalis kiltirel Jak Adlè Jan Pyè, Patrik Deziral elatriye te bay dizon yo.

Pi gwo remak ki te fèt la epi ki te make anpil moun sete pwendvi yon lòt ansyen majistra ki limenm te rele pou li di se moun Kay Jakmèl ki pou vann vil yo se pa Jakmèl ki pral fè sa pou yo.

Eske sa ta vle di moun Kay Jakmèl pa eklere ase pou fè sa? Oubyen èske se moun ki pa genyen Kay Jakmèl pou pran sa kòm misyon li?

Sa ki sèten sè ke pa gen yon majistra ki pase nan komin kay jakmèl a kelke esepsyon prè ki gen kapasite pou vann komin nan. Pa gen yon depite tou ki janm rive fè sa. Sitou lè nou konnen ke se tou denyeman la mMarigo resi separe ak Kay Jakmèl epi se depite Benissoit Mekredi yon gason ki pa vivan ase pou fè travay sa a ki reprezante komin sa a. Se pa politik men yon konsta.

Kidonk, an matyè devlopman touristik kay jakmel gen anpil resous men li pa gen moun ni madre ase pou esplwate yo donk jakmel pwofite de yo.

Sepandan, nan matyè devlopman kiltirel kay jakmel manke anpil, li gen anpil efò pou li fè pou sa. Vil jakmel menm jan ak kay jakmel menmsi li manke anpil enfrastrikti kiltirel men li gen yon minimòm ki pemet li soti tet li tankou: kanaval li, kreyativite atizan li yo, achitekti vil la, elatriye. Epi gen moun ki gen kapaasite pou fè gwo lòbi nan tout medya yo isit kou lotbo dlo pou li san konte kek fwa gen kek moun ki gen mwayen ki konn envesti nan evènman kiltirel peryodik yo tabkou kanaval ak premye me menm si se pa gran choz aloske Kay Jakmèl ki se yon komin twazyèm degre paka jwenn moun ki pare pou fè gwo envestisman nan aktivite li yo ki deja pa menm anpil si nou konsidere ke se 2 denye ane sa yo fèt patwonal vil sa a plizoumwen komanse souke kol.

Senp konsta sa yo, san nou pa bezwen pouse analiz la pi lwen pèmèt nou plizoumwen sène vrè fon pwoblèm nan. Anpil moun Kay Jakmèl konsidere Moun Jakmèl vann yo kòmkwa kaymelè yo se yon bann moun baba, yon bann vagabon, elatriye. Sa ki kontribiye selon moun ki fè analiz sa yo nan fè moun pè kominote kaymelèz la. Men, kesyon nap poze: kisa moun Kay Jakmèl fè pou vann tèt yo yon lòt jan? Anyen, sinon plenyen tout lasent jounen. Kisa moun kay Jakmèl fè pou prezante tet yo kòm yon zòn ki gen potansyalite kiltirel ak touristik pa li? Anyen pi rèd, sinon babye antre yo epi repete jakmèl ap toupizi yo.

Pou nou fini ak dosye sa n'ap di li klè: se kaymelè ki pou fè pwomosyon, fè dyòlè, vann kominote yo. Yo dwe sispann plenyen, sispann babye, sispann akize Jakmèl. Li nòmal pou jakmelyen byen vann tèt yo. Pyès moun pa ka anpeche yo fè l. Si mou kay jakmèl pa di remon lè ben se pou yo, pa envite moun al kabik, al letan bosye, al benyen jedo se dyòb pa yo. Si moun kay Jakmèl kontinye ap pran pòz rejyonalis yo pandan yo pa janm fè anyen pou sòti tèt yo, se pa ni jakmèl ni yon tyès pèsonn kap vin fè li pou yo.

 
CSJ, journaliste/Blogger.


kabik plaj

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Aswè a

Blad la pete

Au sommum de l'extase