Blad la pete

Blad la pete

Aswè a se bon chans pou mwen
Se devenn pou ou
Osnon chans pou ou devenn pou mwen
Se youn ou lòt...
Pou byen di w mwen sou twa pye
Si w pa kwè m, gad anba.

Aswè a pa gen tire lobe
Fè lago ala rive
Jwèt chen ak chat...
Aswè a se pou tout bon
Pa gen randevou sou randevou
Se tou pa m
Se jou pa m
M vin pran pa m
Ban m pa m ladan n.

Aswè a lalin chanje katye
Ou souri
Mwen souri
Ou gade m
M taye pye w
Nou woule, woule nan sab la
Van lanmè bat nou, li bat nou...
Ou resi bat ba.

Aswè a pa gen preliminè
Se vip pip
Kale bouyi
Sepandan, banm yon ti chans
Ban m yon ti chans poum pran yon blad

Aswè a mwen kraze nich ou
Rantre nan kaloj ou
Foure men m tout longè...
Tout longè nan panyen siwèl ou
Frape kout bagèt sou po tanbou w
Bon jan kout bagèt
Zipim pap pala
Zipim pap pala...

Bagay la monte nan tèt mwen
Woy! Woy!
Bagay la mache nan sanm
Woy! Woy!
Biw! M lage yon plon gaye!
Blad la pete.

                                                   Kè, plim.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Rap kreyòl oubyen rap ayisyen?

Top des personnalités qui ont marqué 2019 ici aux Cayes-Jacmel