Articles

Affichage des articles du juillet, 2017

Blad la pete

Blad la pete Aswè a se bon chans pou mwen Se devenn pou ou Osnon chans pou ou devenn pou mwen Se youn ou lòt... Pou byen di w mwen sou twa pye Si w pa kwè m, gad anba. Aswè a pa gen tire lobe Fè lago ala rive Jwèt chen ak chat... Aswè a se pou tout bon Pa gen randevou sou randevou Se tou pa m Se jou pa m M vin pran pa m Ban m pa m ladan n. Aswè a lalin chanje katye Ou souri Mwen souri Ou gade m M taye pye w Nou woule, woule nan sab la Van lanmè bat nou, li bat nou... Ou resi bat ba. Aswè a pa gen preliminè Se vip pip Kale bouyi Sepandan, banm yon ti chans Ban m yon ti chans poum pran yon blad Aswè a mwen kraze nich ou Rantre nan kaloj ou Foure men m tout longè... Tout longè nan panyen siwèl ou Frape kout bagèt sou po tanbou w Bon jan kout bagèt Zipim pap pala Zipim pap pala... Bagay la monte nan tèt mwen Woy! Woy! Bagay la mache nan sanm Woy! Woy! Biw! M lage yon plon gaye! Blad la pete.                                                  

Jakmèl vs kay Jakmèl, pwa touristik ak kiltirèl de vil yo

Image
Eske kay Jakmèl ap toupizi vre anba vil Jakmèl? Refleksyon ki pral fèt la a epi ki a pral eseye reponn kesyon ki poze a san dout kapab depaman ak anpil lòt epi menm fè anpil moun estomake. Antouka, nou pa gen pretansyon ak atik sa a pou bay pyès moun  leson ni louvri yon polemik ant moun Jakmèl ak moun Kay Jakmèl ki kondane pou viv ansanm, non selman paske yo tout se ayisyen, kabrit tomazo menm plim menm plimay, men paske pozisyon jeografik yo, pwoksimite yo gen gwo enpak sou youn ou lot nan de komin sa yo. Kite m koumanse pa fè yon prezantasyon sou yon pwendvi kiltirel ak touristik 2 komin sa yo san rantre nan twòp detay istorik ki deja disponib paske gen anpil moun ki ekri oubyen reyalize dokimantè sou tou de kominote yo deja. Jakmèl Komin Jakmèl se vil ki pi enpòtan sa vle di chèf lye ( pou n repete tèm franse a) depatman sidès la ki gen ladan li 10 komin an tou. Se nan vil jakmèl tout gwo biwo leta yo ak pi fò sèvis ki disponib yo tabli yo. San nou pa bezwen rantre twò fo

Pou nou kòmanse.

Blog sa se yon espas ki la pou fè pwomosyon aktivite kiltirèl ki ap bobo ak reyalite peyi d'Ayiti. Blog sa tou la pou akouraje sila yo ki ap ekri, fè pwezi kit li an franse ou an kreyòl pou kontribiye nan literati peyi d'Ayiti; nan ba li yon kout jenès epi demokratize li, rann li aksesib a tout moun. Men tou tout moun ki ap ekri kapab jwenn opòtinite pou fè moun li sa yo ekri, pataje emosyon youn ak lòt. Vin ekri pou kite tras.          Kè, Plim.